Avèk yon kanpay Facebook ak Instagram, piblisite ou parèt nan fil aktyalite, nan Stories ak nan Reels moun ki gen plis chans enterese nan sa w vann.
Sa nou fè pou ou
- Nou prepare piblisite a avè w: tèks, vizyèl ak moun nou vize.
- Nou lanse kanpay la ak bidjè ou chwazi a.
- Nou swiv rezilta yo epi nou fè ajisteman pandan kanpay la.
- Nou ba ou yon rezime klè sou sa kanpay la bay.
Bidjè ak dire
Ou chwazi bidjè pa jou a ak konbyen jou kanpay la ap dire: fòmilè anba a kalkile total la pou ou, an goud. Bidjè ou chwazi a tou kouvri ni frè ajans la, ni frè difizyon piblisite a. ou chwazi tou yon sèl objektif pou kanpay la.