Ajans piblisite ak kreyasyon vizyèl

Piblisite ki fè kliyan vin jwenn ou.

Se sa nou vize nan chak kanpay. Nou kreye vizyèl ki prezante biznis ou byen, epi nou mete yo devan moun ki ka enterese sou Facebook, Instagram ak TikTok.

1Afich
Afich
2Piblisite
Piblisite
3Videyo

Egzanp demonstrasyon

Facebook · Instagram · TikTok

Piblisite

Nou prepare kanpay la, nou lanse l, epi nou swiv li.

Afich · Flyè · Videyo

Kreyasyon vizyèl

Vizyèl ki montre sa w vann klèman.

Poukisa nou

Yon sèl ekip, depi vizyèl la jiska piblisite a.

  1. Vizyèl ak piblisite ansanmNou kreye afich, flyè ak videyo yo, epi se nou menm ki mete yo nan piblisite. Ou pa bezwen chèche de ajans.
  2. An kreyòl, pou biznis ann AyitiNou pale ak ou an kreyòl, epi nou ekri mesaj piblisite yo yon fason pou kliyan ayisyen konprann yo fasil.
  3. Swivi apre lansmanNou pa lanse piblisite a epi disparèt. Nou swiv li, nou ajiste sa k pa mache, epi nou di w klèman kote kanpay la ye.
Èske nou garanti rezilta?

Non. Pèsonn pa ka garanti rezilta yon piblisite. Sa nou fè: nou prepare kanpay la byen, nou swiv li, epi nou di w klèman sa k mache ak sa k pa mache.

Mwen pa gen vizyèl. Èske nou ka fè yo?

Wi. Se sa sèvis Kreyasyon vizyèl la fè: afich, flyè, videyo piblisitè ak lòt vizyèl pou biznis ou.

Sou ki platfòm nou fè piblisite?

Facebook, Instagram ak TikTok. Nan paj Piblisite a, w ap jwenn yon katalòg pou chak platfòm, ak egzanp.

Aprann

Fòmasyon

Dekouvri fòmasyon nou yo epi devlope nouvo konpetans.

Ou se etidyan?

Konekte nan espas etidyan ou pou w jwenn fòmasyon ou yo, leson yo ak pwogrè ou.

Ann kòmanse

Ann pale de biznis ou.

Chwazi fason ki pi fasil pou ou: ekri nou sou WhatsApp, oswa voye yon demann.

Oswa voye yon demann

Sèvis ou bezwen

Apre ou fin voye demann lan

  1. Nou li demann ou epi nou gade aktivite w sou entènèt.
  2. Nou kontakte w pou yon premye konvèsasyon.
  3. Si nou ka ede w, nou pwopoze w yon plan klè, ak yon bidjè.