Katalòg piblisite / Facebook ak Instagram

Katalòg piblisite Facebook ak Instagram

Piblisite sou Facebook ak Instagram pou jwenn plis mesaj, plis abòne oswa plis moun ki wè biznis ou.

Mande piblisite pa m nan

Avèk yon kanpay Facebook ak Instagram, piblisite ou parèt nan fil aktyalite, nan Stories ak nan Reels moun ki gen plis chans enterese nan sa w vann.

Sa nou fè pou ou

  • Nou prepare piblisite a avè w: tèks, vizyèl ak moun nou vize.
  • Nou lanse kanpay la ak bidjè ou chwazi a.
  • Nou swiv rezilta yo epi nou fè ajisteman pandan kanpay la.
  • Nou ba ou yon rezime klè sou sa kanpay la bay.

Bidjè ak dire

Ou chwazi bidjè pa jou a ak konbyen jou kanpay la ap dire: fòmilè anba a kalkile total la pou ou, an goud. Bidjè ou chwazi a tou kouvri ni frè ajans la, ni frè difizyon piblisite a. ou chwazi tou yon sèl objektif pou kanpay la.

Fòmilè demann piblisite Facebook ak Instagram

Ranpli fòmilè a an kèk minit. Chan ki pa make « si w vle » obligatwa.

1 Enfòmasyon sou ou

2 Piblisite a

3 Objektif piblisite a (chwazi yon sèl)

Kalkil bidjè a

Bidjè pa jou
250 goud
Kantite jou
7
Bidjè total
1 750 goud
An dola (endikatif)
7 USD

Kalkil la fèt ak to ajans lan: 250 goud = 1 dola ameriken. Se pa fòseman to chanj sou mache a.

Estimasyon rezilta (endikatif)

Chwazi yon objektif pou w wè estimasyon yo.

    Estimasyon sa yo baze sou mwayèn ajans lan obsève: se pa yon garanti. Rezilta yo ka chanje si w vize yon zòn presi, yon nich oswa yon gwoup moun espesifik.